Demisyon ansyen premye minis Jouthe Joseph, nan nan lannwit madi pou louvri mèkredi 14 Avril 2021 an, pa kite klas politik peyi Dayiti a diferan. Kòdonatè pati gran rasanbleman evolisyon Ayiti ( GREH) ansyen kolonèl Himler Rebu, daprè li pat gen lòt mwayen ke demisyon ansyen PM Jouthe Joseph, akoz …
Li Plis »AYITI/POLITIK: SEKRETÈ LETA KOMINIKASYON AN DEMANTI ENFÒMASYON KI FÈ KWÈ MANM GOUVÈNMAN PA CHANJE.
Nan yon pwen pou laprès jounen jedi 15 avril 2021 an sekretè Leta kominikasyon an, Frantz Exantus demanti pawòl ki ta fè kwè gouvènman an pa chanje epi chèf Leta a rekondwi menm moun yo. Nou demanti rimè k ap fè bri kouri nan lari a kòmkwa gouvènman an pa …
Li Plis »POU SOVE LAVI CHAK GRENN MOUN KI NAN SOSYETE A ÒGANIZASYON STOP ACCIDENT PLEDE POU PLIZYÈ REKÒMANDASYON.*
Nan sousi pou sove lavi plis moun aprè chak aksidan, Òganizasyon stop accident, nan yon konferans pou laprès nan dat 13 avril 2021 an plede pou yon ansanm rekòmandasyon. Doktè Kenzy Jean Pierre, direktè pledwaye anndan stop accident, mande popilasyon an pou yo gen fòmasyon nan domèn sekouris nan lide …
Li Plis »LANMÒ THOMAS SANKARA, LAJISTIS METE MANDA DÈYÈ BLAISE COMPAORÉ, ANSYEN PREZIDAN PEYI BOUKINAFASO.*
Lajistis ap pousuiv Blaise Compaoré, ansyen chèf Leta peyi Boukinafaso nan dosye asasina Thomas Sankara. Daprè desizyon lajistis nan peyi Boukinafaso, Blaise Compaoré dwe vin nan pwosès pou enplikasyon li nan lanmò Thomas Sankara e yo akize li tou akoz li te sere kadav la. Zak asasinay, sere kadav ak …
Li Plis »AYITI/ SOSYETE :ÒGANIZASYON PAYAN ANVWA DEVLOPMAN SELEBRE 8 TYÈM LANE YO .
òganizasyon payan anvwa devlopman ( PAVODEV) fete jounen dimanch 11 Avril 2021 an, 8 tyèm anivèsè yo nan 2zyèm seksyon komin payan lokalite misòt (missotte). Selebrasyon an kite fèt nan prezans divès manm li yo ,kòdonatè PAVODEV la enjenyè Jean Jules, fè konnen òganizasyon an te fòme nan lane 2013 …
Li Plis »ASASINA ENSPEKTÈ DIVIZYONÈ JEAN FRANTZO SOULOUQUE, PREMYE MINIS JOUTHE VOYE SENPATI LI BAY FANMI VIKTIM NAN.
Premye minis Jouthe Joseph deplore asasina enspektè divizyonè Jean Frantzo Soulouque epi voye senpati li bay zanmi ak fanmi viktim lan nan yon nòt primati a fè soti dimanch 11 avril 2021 an. « Premye minis Joseph Jouthe aprann avèk anpil emosyon nouvèl lanmò enspektè divizyonè Jean Frantzo Soulouque nan dat …
Li Plis »AYITI/SEKIRITE: YON OTAJ LIBERE, YON PREZIME KIDNAPÈ BLESE AK PLIZYÈ MATERYÈL SEZI NAN KOMIN KWADÈBOUKÈ
Yon otaj libere, yon prezime kidnapè blese anba bal lapolis ak plizyè materyèl sezi tankou kouto, zam atizanal ak 2 telefòn, se bilan yon operasyon lapolis mennen 5 avril 2021 an nan komin kwadèboukè nan yon lokalite ki rele belaton. Nan tèt kole ak sekirite piblik nan kwadèboukè, lapolis mennen …
Li Plis »AYITI /SEKIRITE : YON MOUN MOURI NAN AKSIDAN, 10 LÒT BLESE AK 48 MOUN ARETE DAPRÈ BILAN POLIS NIP POU MWA MAS LA .
Lapolis nan depatman nip prezante jounen madi 6 Avril 2021 an bilan operasyon yo mennen sou 11 komin depatman an pou mwa Mas 2021 an, nan yon konferans pou laprès pòt pawòl polis nip lan Wisnel Decembre, fè konnen lapolis anrejistre pou mwa Mas la 48 ka, pami yo 16 …
Li Plis »LEMOND/COVID -19: NAN YON SÈL JOUNEN 4000 MOUN PÈDI LAVI YO NAN PEYI BREZIL*
Brezil konnen yon jounen madi 6 avril trist ,covid-19 la lakoz yo pèdi nan yon sèl jounen anviwon 4000 moun daprè dènye bilan ofisyèl ministè sante piblik bay genyen 4195 moun ki mouri nan 24è. Brezil gen 212 milyon moun k ap viv ladann, li vini dezyèm peyi dèyè do …
Li Plis »AYITI/ ENTANPERI : POU PI PITI 2 MOUN DISPARÈT, YON MOUN MOURI AK PLIZYÈ KAY INONDE NAN DEPATMAN NÒDWÈS PEYI DAYITI.
Gwo lapli ki tonbe pandan wikenn pase a nan rejyon gran Nò peyi Dayiti lakoz gwo inondasyon nan divès vil nan depatman nodwès selon responsab depatmantal pwoteksyon Nòdwès yo . Nan kad yon konferans pou laprès jounen 5 Avril 2021 an, kòdonatè teknik pwoteksyon Sivil depatman Nòdwès la Agwonòm Rinnton …
Li Plis »