KOPA AMERIKA: EKIP BREZIL LA OUVRI KONPETISYON AN AK VIKTWA.

Seleksyon Brezil la ouvri 46zyèm edisyon kopa amerika ak yon viktwa (3-0) sou ekip Bolivi a.

Brezilyen yo tap resevwa Bolivyen yo nan stad Cicero Pompeu de Toledo pou premye soti yo, yo ta pral tann 50tyèm minit nan match la pou ouvri skò a sou penalite, yon gòl baselonè a Coutinho ta pral make (1-0), nan 53zyèm minit Coutinho ta pral make yon dezyèm gòl (2-0) sou yon sant Firmino, Everton ta pral make yon twazyèm gòl sou yon gwo frap nan 85kyèm minit ki ta pral pèmèt match la fini (3-0) e pèmèt Brezil fè premye viktwa li.

Ekip Brezil la ap gen pou jwe dezyèm match li madi kap 18 jwenn 2019 la a 8:30 kote yo pral resevwa ekip Venezwela a a epi Bolivi li menm pral twoke kòn li ak ekip Pewou a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …