LANMÒ THOMAS SANKARA, LAJISTIS METE MANDA DÈYÈ BLAISE COMPAORÉ, ANSYEN PREZIDAN PEYI BOUKINAFASO.*

Lajistis ap pousuiv Blaise Compaoré, ansyen chèf Leta peyi Boukinafaso nan dosye asasina  Thomas Sankara.

Daprè desizyon lajistis nan peyi Boukinafaso, Blaise Compaoré dwe vin nan pwosès pou enplikasyon li nan lanmò Thomas Sankara e yo akize li tou akoz li te sere kadav la.

Zak asasinay, sere kadav ak konplo kont Leta se kèk nan akizasyon Blaise Compaoré gen sou do li lakoz tribinal peyi Boukinabè mete yon manda entènasyonal dèyè li.

Nan dosye sa gen nenpòt 14 moun lajistis epengle epi youn nan yo se Hyacinthe Kafando ki akize ki te touye menm Thomas Sankara ak konpayon li yo.

Echojounal

Kredi foto:wikipedia

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …