LEMOND/ AKSIDAN: DOUZ (12) MOUN MOURI NAN YON AKSIDAN ELIKOPTÈ NAN PEYI END, PAMI YO ETA MAJÒ LAME ENDYEN AN

Chèf eta majò lame nan peyi End lan, jeneral Bipin Rawat ak douz (12) lòt moun mouri nan yon « Crash » elikoptè jounen mèkredi uit (8) desanm lan nan Eta « Talik Nadu », ki twouvel nan Sid peyi End.

 » lanmò li a se yon gwo pèt pou lame a », selon twit minis defans endyen an, Rajnath Singh. Ki raple ansyen eta majò lame endyen an, Bipin Rawat, ki se te yon pwòch premye minis Narenda Modi. Toujou daprè esplikasyon minis defans lan, aksidan rive nan moman elikoptè, « Mi- 17 », ki te pote jeneral la ak tout madanm li fè yon « Crash » nan moman yo ta pral vizite sèvis defans estaf kolèj peyi End.

N ap siyale, plizyè pèsonalite nan mond lan kòmanse voye senpati yo bay peyi End, se ka pou minis defans ameriken an Lioyd Austin, ki raple jeneral eta majò Bipin Rawat, se te yon bon zanmi pou li ak peyi Etazini.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …