LEMOND / DIFE : ANVIWON 23 MOUN KI GEN MALAD KOWONAVIRIS VIKTIM NAN YON LOPITAL NAN PEYI IRAK .

Anviwon 23 moun mouri nan lannwit samdi 24 avril 2021 an nan yon gwo dife   ki eklate nan lopital Inb al-Khatib nan zòn sidès Bagdad peyi Irak. Malad sa yo kite nan swen entansif nan lopital la, selon premye eleman enfòmasyon yo .

« Gwo dife sa eklate nan lopital akoz yo te manke sekirize estòk  boutèy oksijèn yo », daprè esplikasyon yon sous nan lopital la ki fè konnen gen plizyè dizèn moun ki blese nan dife a.

Toujou daprè sous la ki presize espas la te kapab pran trant (30) malad kowonaviris ka yo grav anpil nan Bagdad kise Kapital peyi Irak .

N ap siyale, peyi Irak depase pou kounye a yon milyon (1000000) malad kowonaviris la, ladan yo kenz mil de san disèt (15.217) deja mouri daprè chif ofisyèl ministè sante peyi Irak kominike .

Dieuva Occidor .

Kredi foto:lemond .fr

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …