Anbasadè Lafrans lan nan peyi Mali, Joël Meyer, gen twa (3) jou pou l kite peyi a, daprè yon kominike otorite Mali yo mete deyò. Dezisyon sa vini apre deklarasyon chèf diplomasi Lafrans lan ki jije otorite tranzisyon yo nan peyi Mali « ilejitim ».
« Desizyon sa vini apre pawòl awogan, outraje Jean Yves Le Drian te fè lòt jou e tou apre move pawòl otorite peyi Lafrans ap pede di sou otorite peyi Mali yo », ekri nan kominike a.
Otorite nan peyi Mali fè konnen, a travè kominike a, deklarasyon chèf diplomasi Lafrans lan te fè a depaman ak devlopman zanmitay ki genyen ant de peyi. » Nou vle bat bouch ak rabousid relasyon nou ak patnè entènasyonal yo, men fòk sa fèt nan respè youn pou lòt », esplike kominike a daprè sa RFI rapòte.