LEMOND/DRAM; LAPOLIS NAN VIL TEKZAS NAN PEYI ETAZINI JWENN 46 MIIGRAN MOURI NAN YON KAMYON.

Lapolis nan vil Tekzas dekouvri jounen lendi 27 jen 2022 a, 46 migran mouri nan yon kamyon ak sèz (16) lòt nan yon move eta ladan yo kat (4) timoun.

Moun sa yo ta mouri toufe, selon premye eleman enfòmasyon yo kamyon ki tap transpòte moun sa yo soti nan peyi Meksik pou antre ilegalman nan peyi Etazini pat friz e li pat gen dlo pou moun yo bwè, 16 sa ki patko mouri yo  dezidrate, sa ki te pouse yo kouri lopital avèk yo, eksplike otorite local yo.

Yon dosye ki fè anpil pale e bouch louvri nan peyi Etazini, gouvènè vil Tekzas la, repibliken Greg Abbot akize sou kont twitè li prezidan an, Joe Biden nan dram sa ki rive a. Minis afè etranjè peyi Meksik la bò kote pa li, nan yon twit di li regret sa ki pase a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …