Yon gwo aksidan tren fèt nan maten vandredi 2 Avril 2021 an, nan lès peyi Taywann (Taïwan) sa ki lakoz pou pi piti 26 moun mouri ak plizyè lòt blese , selon premye enfòmasyon yo se ta yon dezekilib ki ta pwovoke derayman tren an nan « tunnel » la.
Selon otorite polisye yo nan premye bilan yo fè konnen pou pi piti gen 26 moun ki pa bay siy yo gen souf, 72 moun te rete kwense nan youn nan « wagon » tren an, men yo te gentan kouri mennen 61 lòt lopital daprè sant operasyon ijans peyi Taywann .
Nan yon kominike biwo prezidant Tsai-ing Wen lan, mete deyò li fè konnen lavi moun sa yo konte pou li anpil epi li mete yo an priyorite .
Tren sa ki t ap pote 350 pasaje sòti nan vil Taipei pou ale nan vil Taitugn ki sitiye nan sidès peyi Taywann( Taïwan) .
Dieuva Occidor Echo jounal .
Kredi foto:AFP