LEMOND / EKONOMI : 1.900 MILYA DOLA AMERIKEN POU RELANSE EKONOMI ETAZINI.

Prezidan ameriken an vle relanse ekonomi peyi Etazini ak yon valè lajan kise 1.900 milya dola ameriken , yon plan ki vize relanse ekonomi peyi ETAZINI ki deja vote nan sena ameriken 50 vòt pou ,49 kont pwojè lwa sa rive pase gras ak grenn vòt prezidan demokrat yo nan sena ameriken an.

Pou kounye a pwojè lwa relansman ekonomi peyi ETAZINI an ap gen pou vote nan chanm ki pi ba madi 10 mas 2021 an, pi fò se demokrat ap fè kout ke kout pou vote lwa yon manyè pou prezidan Joe Biden, pwomilge li 14 mas 2021 an.

Nan yon twit prezidan ameriken an Joe Biden, raple sete yon pwomès kanpay epi felisite vòt ki fèt nan sena ameriken epi swete chanm depite a vote nan menm sans lan .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …