Ekonomis Rodrigo Chaves Robles nan pati sosyal demokrat pou pwogwè ranpòte eleksyon prezidansyèl nan peyi Kosta Rika dimanch 3 avril 2022 an pou yon manda kat (4) lane.
Rodrigo Chaves ranpòte lavitwa ak 52,9 % vwa kont advèsè li ansyen prezidan José María Figueres nan pati liberasyon nasyonal ki fè 47,1% daprè tribinal siprè elektoral lan (TSE) .
Ranplasan Carlos Alvarado nan pati aksyon sitwayèn nan sant –goch lan Rodrigo Chaves ap pran pouvwa 8 me 2022 an se li menn ki ap 49 e prezidan nan istwa peyi Kosta Rika.
« Kosta Rika vote epi pèp la pale .antanke demokrat,nou respekte desisyon sa,mwen felisite Rodrigo Chaves epi mwen swete li bon bagay »se dekrarasyon José Maria Figueres devan fanatik li yo.
Rodrigo Chaves pa te rete endiferan kote li deklare li resevwa avèk tout kè li desisyon sakre sa pèp kostarisyen an pran « .rezita sa pa yon meday pou mwen ,ni yon twofe men se yon gwo responsabilite « deklare ekonomis lan.
Kredi foto :RTBF.BE