Ansyen polisye Derek Chauvin, ki akize nan lanmò afwo-ameriken Georges Floyd la, ta renmen gen yon nouvo pwosè nan dosye sa paskel estime youn nan jij yo te nan patipri.
Ansyen polisye Derek Chauvin, ki gen 45 lane, vle pou gen yon nouvo pwosè sou dosye ki enplikel nan lanmò Georges Floyd la e menm si posib lwen vil Mineyapolis. Malgre li te jije koupab nan lanmò Georges Floyd, li mande madi 4 Me 2021 pou anile vèdik la, Derek Chauvin ki akize manm jiri yo gen ladan yo ki te afiche konpòtman ki pat apwopriye .
Pou jistifye demand lan, nan rekèt la Derek Chauvin ak tout avoka li mèt Eric Nelson, site yon foto ki esplike prezans youn nan manm jiri yo nan manifestasyon antirasis ki fè yo poze kesyon sou enpasyalite jij la. Pilwen mèt Eric Nelson, ki mande yon odyans pou kapab anile vèdik tribinal Mineyapolis la sou konpòtman youn nan manm jiri yo, menas, entimidasyon ki peze sou do jij la epi pwofite reklame yon lòt pwosè pou ansyen polisye Derek Chauvin.
Nou ap raple, nan kad odyans kite reyalize 20 Avril 2021 an, kote tribinal la te deklare koupab ansyen polisye Derek Chauvin nan lanmò afwo-ameriken Georges Floyd. Nan dat 15 jen ki t ap vini la tribinal la ta pral gen pou pwononse santans Derek Chauvin.
Dieuva Occidor.