LEMOND/KOWONAVIRIS: PEYI ETAZINI OTORIZE TIMOUN PRAN VAKSEN KONT KOWONAVIRIS LA

Peyi Etazini Otorize timoun ki gen laj 5 pou rive 11 lane kapab pran vaksen kont maladi kowonaviris la, ki pote non  » Pfizer-BionTech » la. Daprè, deklarasyon otorite nan peyi Etazini yo.

Responsab yo nan ajans ameriken medikaman (FDA), fè konnen yo bay otorizasyon sa aprè plizyè egzamen yo fin fè ak esè sou plizyè timoun yo fè ak vaksen  » Pfizer Bion-Tech » la.

 » Antanke manman epi medsen, mwen konnen paran yo, swanyan yo, anseyan yo ak timoun yo pasyans yo te prèske bout pou te jwenn otorizasyon vaksen sa » se deklarasyon komisè pou ti bout tan (FDA), Janet Woodcock.

N ap siyale, selon anons ekspè yo vaksen « Pfizer Bion-Tech » la, gen yon efikasite pou timoun sòti 5 lane pou rive 11 lane, evalye ak yon pousantaj 90,7%.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …