Nan Gurjranwala 11 pati politik nan opozisyon an mete tèt ansanm Pou manifeste Vandredi 16 oktòb 2020 pou mande demisyon premye minis Imran Khan nan peyi Pakistan.
Rasanbleman plizyè milye moun ki pran lari a te fèt nan Jinnah ki se senkyèm pi gwo vil nan peyi Pakistan.Nan antre Gujranwala gen contenè au kamyon ki bare wout la.
opozisyon an fè konnen se koripsyon lame Pakistan te fè ki fè premye minis Imran Khan rive nan plas li ye a.
Manifestan yo tap kriye byen fò yo pa te vote premye minis lan se yon chwa yo fè.
Maryam Nawaz ki se Oganizatris epi an tèt opozisyon ak lòt òganizatè denonse
Mwayen otorite yo itilize pou entimide yo kote yo arete plizyè moun ki nan opozisyon an.
Angeline Michel