LEMOND/ POLITIK : PLIZYÈ DIZÈN MILYE MOUN MANIFESTE KONT PREZIDAN PEYI BREZIL LA

Plizyè dizèn milye brezilyen manifeste jounen samdi twa (3) jiyè 2021 an, nan peyi Brezil poou denonse move jesyon prezidan brezilyen an Jair Bolsonaro fè ak maladi kowonaviris la.

Manifestan sa yo ki mande ak prezidan Jair Bolsonaro, pou li kite tèt Leta brezilyen an akoz move jesyon li fè kont pandemi kowonaviris la, ki touye pou pi piti senk san mil (500 000) moun nan peyi a ki gen 212 milyon abitan.  » Bolsonaro jenosidè, wi nou pou vaksen » revandikasyon kèk nan manifestan yo ekri sou pankat yo ki te nan sant Sao Paulo.

Nou ap fè remake, depi fen mwa me a pou pi piti twa (3) manifestasyon pou mande depa prezidan Jair Bolsonaro, ki fè objè plizyè soupson koripsyon. Nou ap siyale, mèkredi pase a plizyè pati nan opozisyon Brezil la depoze mèkredi trant (30) jen pase a yon demand destitisyon prezidan Jair Bolsonaro.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Ensekirite: BINUH ak HCDH ap met bilan atè, pèp la ap pran bal.

Pandan popilasyon an ap pran bal BINUH ak HCDH ap konte kadav ak blese, nan …