MAJISTRA  JUDE EDUARD PIERRE NOMMEN NAN KAFOU  YON NOUVO ANBASADÈ KILTIRÈL.

Majistra Jude Eduard Pierre, nan yon arete komininal nonmen Pierre Manigat Junior anbasadè kiltirèl Komin Kafou jounen lendi 17 me 2021 an nan okazyon inogirasyon sant kiltirèl Manno Charlemagne la.

Pierre Manigat Junior se nouvo anbasadè kiltirèl komin Kafou. Ansyen konseye nan konsèy elektoral pwovizwa a an Janvye 2015 pou rive 22 Janvye 2016 ,Pierre Manigat Junior daprè Jude Eduard Pierre se yon modèl jenès la kapab imite. Nan sans, li se yon egzanp.

Jounalis, Pierre Manigat Junior se ekriven tou. Daprè majistra komin nan, nouvo anbasadè kiltirèl komin Kafou a kontribye anpil nan domèn fòmasyon ak enfòmasyon an Ayiti.

Nouvo anbasadè a li menm, bò kote pa li remèsye majistra a pou chwa sa li fè de li a; pou tit onorifik sa li fè li pote a. » Mwen te toujou yon anbasadè kafou. Mwen te toujou ap defann kafou tout kote m pase. Jounen jodi a, m se dezòmè anbasadè kafou ofisyèlman » , deklare Pierre Manigat junior.

Pierre Manigat junior siksede nan fonksyon sa DJ Tony mix.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …