« MAJORITE MOUN KI ANBA PON TEXAS LA FÈ PATI JENERASYON KI TE VALIDE PHTK A », MARJORY MICHEL.

_Youn nan manm sektè ki pote non sektè demokratik e popilè a, Marjory Michel, fè konnen sou kont fesbouk li, anpil moun ki anba pon Texas sou fwontyè amerikano-meksiken an fè pati jenerasyon ki te valide PHTK a._

Plizyè milye ayisyen ap viv yon sityasyon malouk anba pon Del Rio nan Texas sou fwontyè amerikano-meksiken an. Sa ki lakoz anpil moun endiye, dotan plis yon pakèt nan migran ayisyen sa yo gen timoun sou bwa yo. Youn nan responsab estrikti politik sektè demokratik e popilè a, Marjory Michel, parapò ak sa kap pase anba pon Texas la, fè konnen anpil nan moun sa yo te valide PHTK.

« Pou listwa ak laverite: jenerasyon ki te valide PHTK a, se li an majorite ki al ateri, nan enkonsekans yo, anba pon Texas la », daprè responsab politik la.

Daprè temwanyaj anpil nan moun ki kite Ayiti pou ale nan kèk peyi amerik latin se lavi miyò yo al chache.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Mexique: Découverte de 381 corps abandonnés dans un crématorium

Des enquêteurs ont retrouvé 381 cadavres entassés dans un crématorium privé de Ciudad Juárez, dans …