MENZEN: PREMYE MINIS NOME JEAN HENRY CEANT MENASE POU LI DEMISYONE

Nan yon rankont ant prezidan repiblik la Jovenel Moïse gwoup ki gen majorite depite yo premye minis nome a Jean Henry Ceant ayè dimanch 9 septanm 2018 la depite ta mande pou rekondui minis planifikasyon an Aviol Fleurant.

Yon pwopozisyon ki pa sonnen twò byen man zòrèy premye minis nome a, selon enfo nou rive jwenn yo, Henry Ceant di prezidan ke li fè yon kraze kite sa, lap demisyone si li ta aksepte mache nan lojik depite yo pou ta rekondui Aviol Fleurant.

Depite yo bò kote pa yo di yap vote kont gouvènman an si yo pa jwenn sa yo mande yo.

Nan moman an okenn nòt ofisyèl poko soti ni bò kote prezidan repiblik la ni bò kote premye minis nome a sou ensidan si la.

Aviol Fleurant li menm pa pran tan pou li reyaji sou sak pase a, li fè yon twit kote li ekri
 » Servir la république au plus haut niveau est un honneur, je l’ai fais avèc amour et dans un esprit de service. Je ne saurais, en revanche, constituer un obstacle à la continuite de l’état. Haïti D’abord.
Vive la république! »

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …