MINIS JISTIS LA DEKLARE SE BONDYE KI SOVE LI APRÈ ATAK LI TE FIN VIKTIM NAN VIL JAKMÈL.

Minis jistis lan Entèvni nan youn nan medya nan peyi an aprè atak li te fin viktim nan vil Jakmèl, li fè konnen se Bondye ki sove li ki fè li soti vivan._

« Mwen te ale Jakmèl pou mwen  te rankontre notè ak kominisè gouvènman depatman an nan kad yon pwoblèm ki gen pou wè ak kesyon tè, detansyon prevantiv », deklare minis jistis la, Rockfeller Vincent. Sityasyon an te malouk pou mèt Vincent nan vil Jakmèl.  » Gen gwoup militan ki te koumanse voye wòch ak boutèy sou kòtèj la devan meri ak otèl la », pawòl minis jistis la.

Rockfeller Vincent fè konnen, pi lwen, se nan lòt wout li pase pou li te kite vil la. » Nou fè lòt wout pou n kite vil la. Rantre prensipal la te gentan chaje ak barikad ».

Sepandan, pou minis la, gen men politisyen ki kache dèyè sa ki rive li la.  » Si se popilasyon an ki te dèyè tout sa, mwen pa t ap ka kite vil la », daprè sa li fè konnen.

N ap raple, yon semèn anvan sa, Joseph Lambert ki se senatè depatman sidès te fè deklare pa gen okenn biwo referandòm k ap ka enstale nan Jakmèl. Alòske, daprè kèk militan nan Jakmèl se koze referandòm minis jistis la, Rockfeller Vincent t al regle nan vil la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …