Pastè Mackenson Dorilas kise responsab legliz « De Dieu les envoyés » ki nan zòn Klèsin 14#4 ap gen pou reponn kesyon lajistis madi kap vin la.
Komisè gouvènman prè tribinal premyè enstans Kwadèboukè a Gaetjens Benjamin voye yon lèt envitasyon bay pastè Mackenson Dorilas pou vin bay detay madi kap 11 septanm 2018 la sou resèt pastè a bay pou moun ki gen sida yo.
Yon resèt ki fè anpil pale de li nan lakou peyi Dayiti sitou sou rezo sosyo yo, kote yon dam mache ak tout kopi yon tès fè konnen nan yon temwayaj ke li te gen sida li trete gras ak resèt sila.
Anpil moun konsidere pastè Mackenson kòm yon pwofèt akoz de plizyè mirak yo temwaye li fè nan trete moun malad, voye moun pati, nan fè fi ki pa ka jwenn yon nèg pou viv avèk yo jwenn, temwayaj yo menm fè kwè ke pastè a leve menm yon timoun ki te mouri.
Pastè Mackenson ki pa pran tan pou reyaji sou envitasyon an, fè konnen lap disponib el pare pou li reponn kesyon jij la sou resèt li te bay pou moun ki afekte ak sida. Yon resèt ki konpoze de 21 pinèz, lalwa, rakèt, poun site sa yo sèlman.