Premye dam nan Martine Moise nan tèt kole ak minis sante a Marie Greta Roy Clément fè yon vizit nan lopital Sanatoryòm Potoprens samdi 5 me 2018 la pou gade kijan malad yo ap viv e nan ki eta lopital la ye.
Premye dam nan Martine Moise ki se prezidant komite kòdinasyon milti sektoryel ki la pou kòdone fon sibvansyon fon mondyal yo pou sida, tibèkiloz ak malarya fè konnen vizit sa se poul vin gade nan ki eta lopital la ye e kijan malad yo ap pran swen, premye dam nan anonse gen sant ki pou pran swen moun ki gen tibèkiloz yo nan tout peyi a sof nan de komin ki pa genyen akoz komin sa yo pa twò gen ka tibèkiloz, li te tou pwofite mande popilasyon ede yo chase maladi sa nèt nan peyi a nan akouraje moun ki gen maladi a ale nan yon sant ki pi prel.
Direktè medikal la Dr. Jean Ardouin Esther Louis-CHARLES pa kache kè kontanl pou vizit sila, Direktè a te pwofite prezante kaye difikilte lopital la ap konfonte tankou: pwoblèm espas, manke teknisyen, pwoblèm nan aparèy yo, manke medsen poun site sa yo.
Minis sante a Marie Greta Roy Clément rekonèt ke lopital la ap konfonte gwo pwoblèm enfrastritk ak anpil lòt pwoblèm ankò men sa pa anpeche yo pran an chaj moun ki gen tibèkiloz selon sa li fè konnen, li promèt pa trò lontan lap vin inogire nouvo batiman an, li fè konnen to ensidans maladi a bese nan peyi a de 33 a 18% pandan senk (5) dènye ane yo.