PREZIDAN PEYI A JOVENEL MOISE BAY 10 MACHIN AK REPREZANTAN ASOSYASYON DEPATMANTAL MAJISTRA YO.

Nan objektif pou kontinye ranfòse kolektivite teritoryal yo, pou pouse prosesis devlopman peyi a , chèf leta a, ekselans Jovenel Moïse, remèt yon lo 10 machin ak chak  reprezantan asosiyasyon depatmantal majistra yo nan peyi a .Inisyativ sa vize pou favorize aksyon kolektivite yo nan lide pou ofri plis sèvis ak popilasyon ki pi rekile yo.

<< Chak premye ofisye minisipal komin yo ap benefisye yon machin >> lanse, tou dabò, prezidan Moïse ki te rele eli lokal yo pou yo pasyan, epi envite yo pou asire yon bon gesyon resous leta ki a dispozisyon yo, pou pi byen sèvi popilasyon an epi redwi presyon sou gwo vil yo.

Prezidan repiblik la tou pwofite de rankont avèk reprezantan asosiyasyon premye ofisye minisipal komin nan diferan depatman yo pou renouvle detèminasyonl pou travay nan koze desantralizasyon reyèl peyi dayiti.

 

 

Lisa RIDORÉ

ridorelisa10@Gmail.com

+(509)4498-77-60

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …