Program prezidan ameriken an, Joe Biden pou resevwa 30 mil moun chak mwa kap soti nan kat (4) peyi sa yo Ayiti, Kiba, Nikaragwa ak peyi Venezyela a nan wout pou ta bwè lwil.
Pou piti 20 eta nan peyi Etazini mete tèt yo ansanm pou trennen lajistis jounen madi 24 janvye 2024 la, DHS la pou pwogram sila ki pote non « Humanitaire parole ». Selon eta sa yo pwogram nan vyole dwa federal sou imigrasyon an. Aksyon an jistis sa kapab kanpe pwogram nan pou tann lajistis bay dizon li, selon sa kèk ekspè entènasyonal fè konnen.
Nap raple pou yon moun patisipe nan pwogram « Humanitaire parole » la sèlman bezwen yon moun kap viv nan peyi Etazini ki respekte kèk kondisyon pou ranpli pou li.