VENEZWELA/KRIZ: GUAIDO KONTINYE AP FÈ PRESYON SOU MADURO.

Juan Guaido pou yon lot fwa ap met presyon sou militè yo. Li anonse yon semèn desizif. Opozan an deklare anpeche èd yo antre nan peyi an se yon krim kont limanite.Daprè Guaido militè yo preske konvèti an jenosid pou aksyon yo sou manifestan yo epi Jan yo bloke fwontyè a.

Depi madi pase pon Tuditas ki separe kolonbi ak venezwela fèmen. Nicolas Maduro di èd sa yo ki rive Cúcuta a se yon pretèks pou yon entèvansyon militè meriken. Maduro fè konnen peyi an pa gen kriz imanitè men se pou lèzetazini leve sanksyon yo kap pèmèt yo redrese ekonomi peyi an.

Nou pa konnen kijan èd sa yo pwal pase men sa ta dwe fèt nan semèn nan. Pou konnye a gen plizyè sak diri, kès medikaman ki estoke nan anga nan Cúcuta. Yon manifestasyon anonse pou madi nan zòn San Antonio de Táchira sou fwontyè venezwelyen an. Moun yo di yap kontinye met anpil presyon sou militè yo ki prezan sou fwontyè a.

Gen plizyè lot konfli ki anonse ankò tankou Guaido di pwal gen lot èd kap sot brezil nan semèn nan.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …