VENEZYELA KOLONBI: MADURO SISPANN TOUT RELASYON POLITIK AK DIPLOMATIK AK PEYI KOLONBI.

Prezidan venezwelyen an, Nicolas Maduro fè konnen jounen 23 fevriye an, ke l kanpe tout relasyon politik e dipwomatik ansanm avèk kolonbi. <<Mwen deside kanpe tout relasyon politik e dipwomatik avèk gouvènman fasis kolonbyen an, tankou anbasadè epi konsil yo 24h pou yo kite peyi venezwela>>.

Maduro pran gwo desizyon sa a ki se sispann tout relasyon zanmitay yo te gen ak kolonbi paske majorite peyi ki rekonet Juan Guaido kòm prezidan lejitim itilize fwontyè kolonbi an pou antre avèk èd imanitè nan lide pou sipòte Guaido. Sa ke prezidan Maduro wè kòm yon zak trayizon. Se sou fwontyè Cúcuta ki separe venezwela ak kolonbi ke gouvènman ki opoze ak Maduro yo itilize pou fasilite antre èd sa yo, ke Nicolas di ke lèzetazini ap pwofite moman sa a pou fè yon entèvansyon militè.

N ap raple ke 2 moun te pèdi lavi yo ayè vandredi an e plis pase 15 lot blese nan afwontman ant lame venezwelyèn avèk opozan yo.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …