YON GWOUP BANDI NAN TÈT KOLE AK GOUVÈNMAN AN METE PÈP LA AJENOU.

Sa fè plizyè jou depi okenn moun pa ka travèse Matisan. Tout otorite tankou Ariel Henry, Frantz Elbe ak minis enteryè a kwaze bra yo ap asiste; yo pa di anyen.

Pandan tan sa, gen moun ki gen ijans lopital, gen moun fòk yo travèse Matisan pou yo ka manje chak jou. Imajine kijan moun sa yo ye pou kounya? Imajine moun ki gen dyaliz pou fè ki pa ka pase Matisan e ki pa gen akwentans pou pase sou lanmè.

San konte, etidyan ki nan komin Kafou, gresye ak tout sila yo k ap soti nan lòt depatman yo ki pa ka vini nan fakilte. Moun pa viv konsa. Lè gen yon pwoblèm ensekirite laboul yo kouri rezoud li, men pa Matisan gen plis pase 6 mwa depi l jan l ye a, men anyen pa janm fèt.

Lòt jou, nèg ak zam yo pran komisarya Matisan pandan cha yo ap flannen sou wout la. Nèg yo moute yon drapo blan meriken jiskaprezan, ni Ariel Henry, ni Frantz Elbe pa di anyen. *Ki pwoblèm moun k ap dirije yo gen ak gran Sid la? Ki pwoblèm yo gen ak pitit peyizan k ap soti nan gran sid la pou vin etidye Pòtoprens? Poukisa se plan sekirite Frantz Elbe ap fè pou moun nan nò tounen nan plaj alòske pyès moun pa ka pase matisan li kwaze ponyèt li ap gade?*

Moun pa viv konsa !

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …