YON PEYI ENTÈDI JWÈ FOUTBÒL  YO FÈ TATOU SOU PO YO

_Lachin entèdi pou jwè foutbòl yo fè tatouwaj sou po yo. Otorite Chinwa enpoze jwè foutbòl yo pou yo swa kouvri osnon retire tatou ki sou po yo a nan sousi pou kapab bay sosyete a yon bon egzanp._

Lachin pran yon gwo mezi kont foutbolè ki gen tatou yo kote li mande yo pou yo swa kouvri osnon retire tatouwaj yo a pou yo kapab bay sosyete a yon bon egzanp.

Otorite yo entèdi tou jwè k ap jwe nan « Chinese Super League » ak seleksyon nasyonal la pou yo pa kontinye fè tatou.

Desizyon sa pran apre otorite yo te bay defansè Guangzhou a, Zhan Linpeng lòd pou li te kache tatouwaj li yo alòske li t ap jwe ni an klèb ak ni an seleksyon. Nan lide pou mete fren ak yon pakèt jwè wo nivo k ap pede fè tatou, administrasyon espò nan peyi Lachin chwazi entèdi fenomèm sa.

« Ekip nasyonal yo nan tout nivo ap mete an aplikasyon mezi jesyon sa yo, anonse òganizasyon an nan yon dekrè ki tou pwofite fè konnen federasyon foutbòl Chinwa a ap pran mezi disiplinè kont tout jwè ki pase mezi jesyon sa yo anba pye.

« Sa ap moutre bon espri espòtif foutbolè chinwa yo epi yo ap vin yon bon egzanp pou sosyete a. Li entèdi pou atlèt ekip nasyonal ak U23 yo gen nouvo tatouwaj epi sa ki te gentan gen deja yo li konseye pou yo retire li ».

Kredi foto:Fb

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …