Lapolis nan Okay mete anba kòd Chery Antoine jounen vandredi 31 desanm 2021 an pandan fòs lòd yo tap fè yon tchèk pwent.
Chery Antoine soti nan komin Petyonvil, lokalite jalouzi. Li te gen pou destinasyon komin Bomon ki nan depatman Grandans.
Fòs lòd yo jwenn de(2) zam 9 mm nan men Chery Antoine. Annatandan swit legal yo, otorite Lapolis yo mete Chery Antoine nan gadavi nan komisarya Okay la.