AYITI/PNH/DIPLOMASI:SOU SEKRETÈ DETA POU SEKIRITE SIVIL LA  VIZITE AKADEMI POLIS NASYONAL DAYITI

Sou sekretè Deta pou sekirite sivil, Uzra Zeya te vizite enstitisyon Lapolis Nasyonal Dayiti a, daprè yon mesaj anbasad Etazini nan peyi Dayiti mete deyò sou paj facebook li jounen madi 12 oktòb 2021 an._

« Mwen te vizite akademi polis nasyonal Dayiti a ki jwenn sipò U.S. Département of State : Bureau of INTL Narcotics & Law Enforcement( INL) », deklare Urza Zeya ki an vizit nan peyi Dayiti.

Sou sekretè Deta pou sekirite sivil la, pi lwen, fè konnen se te yon onè pou li  te rankontre kèk kad, jenn fanm ak jenn gason ki te moutre anpil motivasyon.

« Peyi Etazini angaje li pou li ranfòse kapasite enstitisyon Lapolis Nasyonal Dayiti a, tankou nan domèn fòmasyon, defans dwa moun ak lit kont enpinite », pawòl sou sekretè Deta pou sekirite sivil la, Urza Zeya.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …