Transpò bò isit, yon maleng Leta dwe trete

Transpò se tout mwayen ki pèmèt yon moun soti nan yon pwen pou ale nan yon lòt. Se yon  mwayen kominikasyon tou, li ka bato, avyon, cheval, chamo, machin, moto elatriye. Ann Ayiti nou plis itilize machin moto ak bato. Kidonk, nan refleksyon sa nap gade mwayen nou plis itilize yo (machin ak moto).

Nan tout peyi serye, transpò se yon gwo opòtinite pou Leta fè lajan pou l fè devlopman. Fè wout, konstwi lekòl ak lopital, espas pou ti granmoun ki paka travay ankò, se la lajan sa yo ale. Anplis, yo bay yon sevìs ki gen bon kalite, ki respekte tout prensip nan koze transpò.

Men pa bò isit se pa menm bagay la, koze transpò lage nan men lese yo fè, Leta   kontante l pran yon ti kòb taks  sou yon ansanm papye (papye machin, papye transfè machin, plak, asirans, viyèt…) moun ki gen machin pou fè trafik ak moun ki gen machin pou zafè pèsonèl yo ap bezwen. Konsa yo lage transpò bay tout moun ki vle fè l san kontwole koze prensip ak kalite sèvis k ap bay la.

Anpil chofè bwote moun pi mal pase bèt, machin yo pa janm fin chaje, yo pote plis moun pase kantite plas yo genyen. Yo jere kous yo jan yo vle, yo jere tarif yo jan yo vle, depi w pa gen monnen pou kèk kous yap touche plis kòb. Gwo tchyòbòl konn pete nan mitan pasaje ak chòfè, batay pete, zam rale, sa konn rive lanmò met pye tou, pafwa pou yon adoken, adye wi dan !

Sevis transpò nou se kamyonèt, bis, taksi ak taksi moto ki se yon lòt malè pandye ki lage san kontwòl depi kèk lane nan peyi a. Taksi moto yo bay yon sèvis rapid sitou lè blokis la rèd, men ki kote chofè yo aprann kondwi moto ? eske gen lekòl pou aprann kondwi moto nan peyi an ? aktyèlman pi fò aksidan nan koze transpò se moto yo ye, anpil moun pèdi lavi. Fòk nou pa bliye tou, anpil krim ki fèt jounen jodi a makònen ak taksi moto, kidonk fòk Leta gade trafik moto an pi byen. Kamyonèt, bis ak taksi yo pa respekte okenn prensip, zafè mete moun tankou sadin nan se zafè pa yo, si w pa vle, achte machin pa w ! Bèfchenn pa respekte pasaje, souvan machin yo byen sal, yo pa gen limyè, gwo mizik rabòday menm ap eklate zòrèy pasaje yo.

Nou paka fè kwa sou transpò k ap fèt nan bato yo, kòman sa ye ? eske gen kontwòl vrèman nan jan y ap pote moun ak machandiz ? menm si nou konnen pa gen diferans nan jan yo pote bèt, machandiz ak kretyen vivan de bra balanse nan peyi isit.

Diyite se sèl sèvis transpò Leta genyen anndan peyi an, li pa gen okenn diferans ak lòt sèvis transpò yo. Moun pil sou pil, chofè yo kondwi nenpòt kijan epi pa gen respè nan mitan chofè ak pasaje.

Nou panse Leta dwe kontwole koze transpò nan peyi a sou tout fòm, sa k ap pèmèt yo antre plis lajan, bay yon sèvis ki respekte tout prensip nan zafè transpò epi pèmèt pasaje yo jwenn yon sèvis kalite jan sa fèt nan lòt peyi.

Ann di, se Leta ki kontwole sistèm transpò an nèt epi li t ap ba w chofè ak manajè ki konpetan ki konsekan travay, nou panse sa t ap bon. Gen anpil bon chofè nan lari ki pa gen posiblite achte yon machin, konsa yo t ap jwenn travay sa ki t ap gen bon konsekans sou ekonomi peyi a. Anplis, si Leta pran sistèm transpò an, nou panse pwoblèm yo ap diminye (aksidan, akwochay, pri kous, distans kous…) epi kesyon fòmasyon pou chofè nan lekòl ki montre moun kondwi (machin, moto, bato) dwe marande ak sèvis sikilasyon kòmsadwa san mounpayis, pou chak moun k ap kondwi, nou sèten li pase nan yon lekòl pou sa epitou li gen lisans pou sa.

Boutofen, nou sèten si sistèm transpò an dwe amelyore, pou pasaje jwenn bonjan sèvis sou tou mannyè, fòk mouche Leta foure bouch nan koze a an granmoun. Se pa jis rekòlte taks sou kèk bout papye, men se gade kouman yo ka tire plis pwofi pou fè devlopman anndan peyi a epi pèmèt itilizatè yo jwenn bon sèvis.

MED
dorvelus812@gmail.com
(509) 40275317

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …