BOUKINAFASO/ATAK: PLIS PASE 130 MOUN MOURI NAN YON ATAK, 6 LANE DEPI PAT JANM GEN TOUT MOUN SA YO KI MOURI.

_Gen 130 moun pou piti ki pèdi lavi yo nan atak ki fèt ayè vandredi 4 Jwen 2021 an nan aswè nan vilaj Solan ki nan rejyon Sayel ki retwouve li nan pati Nò peyi Boukinafaso. Prezidan Roch Christian Kabore dekrete 72è dèy nasyonal nan memwa viktim yo._

« Yon gwoup nèg ak zam rantre nan vilaj solan an. Yo lanse yon atak ki te vize pòs volontè pou defans patri ak sipletif sivil fòs lame yo nan kad batay ki ap mennen kont teyoris. Se apre sa, yo dirije yo nan abitasyon yo », daprè sa RFI rapòte.

Bilan atak la lou anpil daprè yon sous ki konfime sa ak laprès entènasyonal nan mitan jounen samdi a. » Gen 100 kadav yo jwenn san yo pa menm gade ki laj yo ».

Bilan moun ki mouri yo kontinye ap moute. Dènye chif yo bay gen 132 moun ki mouri nan atak sa alòske daprè RFI bilan sa pwovizwa.

Kredi foto:La croix

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …