Lapolis nan peyi Nijerya prezante jounen dimanch sis (6) jen 2021 an, bilan bandi ak zam te fè nan plizyè vilaj nan peyi Nijerya, ki touye katreven uit (88) moun.
Plizyè endividi sou moto te atake jeudi twa (3) jen 2021 an sèt vilaj Koro, Kimpi, Gaya, Dimi, Zutu, Rafin Gora ak Iguenge, vilaj sa yo ki twouve kò yo nan distri Danko-Wasagu. Lakoz
katreven uit (88) moun mouri daprè bilan définitif la.
Nan konferans pou laprès la, pòt pawòl polis Leta Kebbi, Nafiu Abubakar, fè konnen atak bandi fè nan sèt vilaj sa yo lakoz katreven uit (88) moun mouri, swasant sis (66) ladan yo te retwouve sou plas ak venn de (22) lòt yo te dekouvri aprè premye parèt lapolis sou sèn krim yo. Pilwen, li presize gen lòt moun yo ap chache yo poko ka twouve yo sa kapab ogmante bilan ki prezante a.
Nou ap fè remake, depi plis pase dis (10) lane gwoup bandi sa yo ap teworize abitan ki nan Nòdwès Nijerya ak sant Nijerya. Pandan atak yo, yo volè ak piye kay abitan k ap viv nan zòn sa yo sa ki rete yon gwo defi pou polis Nijerya tabli sekirite nan Nòdwès Nijerya ak nan sant Nijerya.
Dieuva Occidor