_Ofis pwoteksyon sitwayen ( OPC), nan yon nòt li fè soti jounen dimanch 6 Jwen 2021 an, kondane zak vyolans ki ap fèt nan zòn Matisan an epi eksprime enkyetid li parapò ak jan gang yo ap vale teren chak jou pi plis, ki se yon menas pou peyi a._
« Ofis pwoteksyon sitwayen, enstitisyon nasyonal ki granmoun tèt li ki ap fè pwomosyon ak defann dwa moun konstate, depi Madi 1 Jwen an, gen yon batay ki retounen ant gang rival ki nan twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, patiklyèman Matisan ak Fontamara. Pou kounya, li difisil pou gen yon bilan egzat, men yo rapòte gen anviwon 10 moun ki pèdi lavi yo, notamman yon pakèt sivil; gen anpil kay ki boule; plizyè milye moun kite kay yo pami yo fanm, moun ki antre nan laj, timoun ak moun ki andikape », denonse ofis pwoteksyon sitwayen. » « Tout sa yo pase anba je ak silans otorite epi enstitisyon ki la pou sekirize lavi ak byen anndan peyi a. Popilasyon an lage pou kò li « , kontinye nòt la.
Ofis pwoteksyon sitwayen denonse, yon lòt kote, batay ki ap fèt ant gwoup gang nan Bèlè, Dèlma 2 ak Laboul.
» Ofis pwoteksyon sitwayen kondane ak tout fòs li aksyon gwoup gang yo ap poze kote yo blese, yo touye popilasyon sivil, yo boule kay, yo atake anbilans ki se yon vyolasyon grav nan prensip debaz yo nan sa ki gen pou wè ak koze dwa moun », li nan nòt la.
« Se responsabilite Leta a pou li asire sekirite popilasyon an, pou li pwoteje byen ak lavi. Dwa pou gen sekirite se yon dwa fondamantal, endispensab pou egzèsis dwa sivil ak politik yo epi ak jwisans dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl », raple ofis pwoteksyon sitwayen.
Jackson junior Rinvil