AYITI / POLITIK : DIVÈS PATI POLITIK NAN OPOZISYON AN PWOPOZE YON SOLISYON AK KRIZ LA NAN PEYI AYITI

Nan yon nòt pou laprès divès manm opozisyon politik la nan peyi Ayiti mete deyò dimanch sis (6) jen 2021 an, yo pwopoze yon solisyon ak kriz aktyèl la nan peyi a.

Pati ki siyen pwopozisyon sòti kriz sa tankou DIRPOD, EN AVANT, ENTENTE, FND, MTVAYITI ak OPERASYON TET ANSANM, nan yon nòt sou pwoblèm ki ap brase bil peyi a swete jwenn yon depa òdone prezidan repiblik la Jovenel Moïse. Pati politik sa yo pwopoze pou enstale yon gouvènman antant nasyonal ki ap gen pou misyon rezoud divès pwoblèm pami yo ensekirite a ak mete lapè nan peyi a pou kapab jwenn yon dat pou reyalize eleksyon kredib, tout moun ladan li ak transparans nan peyi a.

Pati politik sa yo, ki di yo nye tout posibilite pou pou ta dirije ak prezidan Jovenel Moïse, ki dwe kite pouvwa touswit premye minis yo pral chwazi a fin enstale epi gouvènman sa pral tande revandikasyon popilasyon tankou ( pwosè petwo karibe, masak Leta ak konferans nasyonal).

Pou fini, pati politik ki siyen akò sa di yo rete ouvè ak tout lòt estrikti, pati politik ki vle rantre nan demach gouvènman antant nasyonal la, daprè ansyen senatè Edgard Leblanc Fils ak ansyen senatè Steeven Benoit ki siyen nòt sa.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …