AYITI/ ENSEKIRITE : ATAK BANDI SOU PÒS POLIS KOMIN SITE SOLÈY YON MOUN MOURI, YON LÒT BLESE AK DIZUIT (18) ZAM PÈDI.

Komisè polis prensipal komisarya site Solèy la, Shatner Jean, mete deyò ayè dimanch sis (6) jen 2021 an yon kominike sou atak bandi ak zam ki te fèt sou divès antèn nan aswè samdi senk (5) jen 2021 an.

Nan kominike sa komisè polis Shatner Jean, fè konnen atak bandi yo fè sou plizyè antèn polis nan komin site Solèy tankou Duvivier, Drouilllard, Sierra 2, ak estasyon Gonayiv lakoz enspektè divizyonè Myradel Adolphe mouri, polisye Fédlin Luc blese nan janm li, dizuit (18) zam Bandi yo bwote ale pami yo plizyè Galil ak plizyè lòt materyèl tankou radyo kominikasyon.

Komisè polis la, fè konnen daprè jij lapè tribinal site Solèy la Mèt Oreste Félix, ki di : » li konstate bandi yo bwote kat (4) fizi douz , de (2) Galil, nan antèn polis estasyon Gonayiv la, yon T 65 ak yon Galil nan Solèy 2, sis (6) fizi douz nan Duvivier, yon Galil ak twa (3) fizi douz nan Drouilllard ».

Komisè polis Shatner Jean, fè konnen seri enfòmasyon li figire nan rapò sa deja ale jwenn Direktè Depatmantal lwès 2 pou swit yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …