PAKISTAN/AKSIDAN: YON AKSIDAN FEWOVYÈ (TREN) LAKOZ POU PITI 30 MOUN PÈDI LAVI YO.

Derayman yon tren ki al fè kolizyon ak yon lòt lakoz gen pou piti 30 moun ki mouri, selon yon bilan pwovizwa lendi 7 jwen 2021 an nan sid Pakistan.

Gen pasaje ki rete kole nan debri metalik yo, daprè kèk foto ki fèt sou plas nan plizyè wagons vèt ki nan Pakistan Railways ki ranvèse a.

Mila Eksprès ki te ap soti Karachi deraye anvan douvanjou bò zòn Dayaki ki chita kò li nan sid pwovens Send anvan li te vin fè kolizyon ak yon lòt tren ki li menm tap soti nan sans envès Rawalpindi, daprè sa pòt pawòl Pakistan Railways fè konnen ak jounalis AFP.

Sekouris gentan sou plas pou libere pasajè ki an difikilte ki poko ka soti nan tren an, rapòte RFI.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …