AYITI / REFERANDÒM : KEP A VOYE REFERANDÒM LAN POU YON LÒT DAT AKOZ KOWONAVIRIS LA.

Nan yon kominike pou laprès Konsèy elektoral pwovizwa (KEP) mete deyò lendi sèt (7) jen 2021 an, di yo kanpe sou reyalizasyon referandòm lan nan dat venn sèt (27) jen k ap vini an.

Daprè manm konsèy elektoral pwovizwa (KEP), desizyon sa vini aprè arete ki gen pou wè ak kriz sanitè kowonaviris la gouvènman ayisyen an te pran nan dat tranteyen (31) me 2021 an, ak plizyè rankont yo reyalize ak manm selil syantifik la ki montre yo nesesite pou voye referandòm lan pou yon lòt dat.

KEP a, ki di yo toujou kenbe menm detèminsayon pou reyalize misyon yo ak travay yo nan tout endepandans, onètete ak transparans.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …