AYITI/ POLITIK : FANMI LAVALAS BAY POUVWA RESPONSAB ZAK VYOLANS KI PASE NAN REJYON METWOPOLITÈN LAN.

Nan yon nòt pou laprès pati politik Fanmi Lavalas, mete deyò jounen lendi sèt (7) jen 2021 an, bay pouvwa anplas la responsab tout zak vyolans ki pase nan katye popilè yo nan rejyon metwopolitèn pòtoprens lan.

Òganizasyon politik Fanmi Lavalas, salye tout fanmi ki viktim anba bal bandi nan katye popilè tankou Belè, Dèlma 2, Dèlma 4, Dèlma 6, Matisan, Fontamara elatriye. Fanmi Lavalas, kondane pouvwa PHTK ki responsab tout zak vyolans yo ki se yon mwayen yo itilize pou teworize popilasyon an ki ap reklame yon lòt mòd Leta ak fòs detèminsayon.

 » malgre tout mobilizasyon, manifestasyon ki fèt nan peyi a, gen yon pati nan kominote entènasyonal la ki kenbe rejim kriminèl, bandi legal PHTK yo, depi dis (10) lane ki ap koupi popilasyon an nan la mizè » daprè Fanmi Lavalas, ki denonse Òganizasyon Leta Ameriken (OEA), ki nan lane 2011 ak 2017 ki te prepare yon koudeta elektoral kont popilasyon an.

Boutofen, Òganizasyon politik Fanmi Lavalas, ki di yo ap kontinye kanpe bò kote Pèp Ayisyen an nan batay pou chavire chodyè a, pandan yo dwe rete mobilize sou tout fòm anndan peyi a. Yo kwè mobilizasyon san pran souf, se zouti lejitim defans Pèp la, ki dwe mennen tou dwat nan yon tranzisyon koupe fache ak sistèm yo estime kise yon sistèm pouri.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …