LEMOND / POLITIK : ANTONIO GUTERRES PRAN YON LÒT MANDA NAN TÈT ONU.

Konsèy sekirite Nasyon Zini an, apwouve jounen madi uit (8) jen 2021, yon dezyèm manda ak sekretè jeneral Òganizasyon Nasyon Zini (ONU) Antonio Guterres, pou kat (4) lane.

Ansyen premye minis Pòtigè a ki tap dirije sekretarya ONU an depi lane 2017, pandan yon sesyon uiklo  » huis clos », konsèy sekirite a, tout manm yo vote epi rekòmande asanble jeneral Nasyon Zini an pou pwolonje manda Antonio Guterres, daprè anons prezidan an menmtan anbasadè Estoni an Sven Jürgenson.

Nou ap siyale, Antonio Guterres, gen laj swasant douz lane (72) lane, li te rive nan pòs sekretè jeneral Òganizasyon Nasyon Zini depi lane 2017.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …