» Solidarite Laïque » lanse jounen mèkredi nèf (9) me 2021 an, pwojè « lekòl chimen libète » sou depatman nip ak depatman Grandans peyi a, seremoni lansman sa ki te fèt sou vizyon konferans an prezans de (2) direktè depatmantal ministè nasyonal edikasyon Nip ak Grandans Odel Joseph ak Ernseau Dauphin.
Pwojè konstriksyon lekòl ak reyabilitasyon sa yo ki demare nan mwa Oktòb lane 2020, ki ap fini mwa Oktòb 2023, se yon total venn sèt (27) lekòl kenz (15) nan depatman Grandans ak (12) nan depatman Nip, daprè deklarasyon chèf misyon pwojè a Junior Mercier, ki presize pwojè sa yo ap dewoule sou komin Ansavo, Payan, Baradè, Lazil, Granboukan ak Ano ki nan depatman Nip, epi nan komin Jeremi, Abricot, Dam Mari, Pestel, Mafranc, Chanbelan ak Ans Dèno.
Nan entèvansyon yo, direktè depatmantal nip ministè edikasyon nasyonal la Odel Joseph, ki montre nesesite pou yon pwojè konsa ki pral bay bonjan bourad ak edikasyon an nan depatman nip. Sou bò pa li, direktè depatmantal Grandans ministè edikasyon nasyonal la Ernseau Dauphin, ki ale nan menm sans lan pandan li felisite « Solidarité Laïque » pou seri pwojè sa ki pral gen pou egzekite nan depatman Grandans.
Nou ap Siyale, pwojè sa ap koute twa milyon twasan trant twa (3 333 333) ewo, lap reyalize sou peryòd trant sis (36) mwa gen yon total trèz mil (13 000) moun kap gen pou benefisyel dirèk nan de (2) depatman sa yo.
Dieuva Occidor