LEMONN/ZEN: YON SID AFRIKÈN AKOUCHE DIS (10) PITIT YON SÈL KOU.

_Yon sid Afrikèn akouche 10 pitit lendi nan aswè ki te 7 Jen 2021 an nan peyi « Afrique du Sud » , patiklyèman nan vil Pretorya. Sa ki kapab youn nan rekò mondyal nan zafè fanm ki akouche yon sèl kou plizyè ti moun, selon BBC news Afrique._

Goshiame Tamara Sithole, 37 lane sou tèt li, se li menm ki bay nesans ak 10 bebe nan peyi « Afrique du Sud ».  » Mwen etone lè mwen wè se 10 ti lèzanj, alòske eskanè yo te revele se uit (8) ki te nan iteris la », deklare Teboho Tsotetsi ki se mari Goshiame Tamara Sithole.

« Sèt (7) gason ak (3) fi. Mwen kontan. Mwen ozanj. Mwen pa ka pale twòp », pawòl Teboho Tsotetsi nan jounal pretorya news.

Gen yon responsab sid afriken ki konfime, bò kote pa li nesans ti moun yo, men gen yon lòt responsab ki, li menm, fè konnen je li poko tonbe sou bebe yo.

Yon manm nan fanmi an ki pa te vle non li site fè konnen madam Goshiame Tamara sithole fè 10 pitit la efektivman. « Senk (5 )pa akouchman natirèl, senk (5) pa sezaryèn », daprè sa li deklare nan BBC news Afrique.

Madam Sithole, 37 lane, te gentan bay nesans ak « des jumeaux » ki, pou kounya, gen 6 lane sou tèt yo.

Daprè BBC news Afrique, madam Sithole anfòm. Li pa gen okenn pwoblèm sante apre akouchman li fè sou 29 semèn gwosès.

Mwa pase a, nou ap raple Halima Cissé ki gen 25 lane sou tèt li, se yon fanm ki gen orijin li nan peyi Mali ki te akouche 9 bebe nan yon klinik nan peyi Mawòk.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …