AYITI/ ADMINISTRASYON: YON LÒT DIREKTÈ NONMEN NAN TÈT ONA.

Nan yon arete ki pibliye jounen mèkredi nèf (9) jen 2021 an, prezidan repiblik la nonmen yon lòt direktè nan tèt ofis nasyonal asirans vyeyès (ONA).

Arete sa ki pote nimewo Espesyal ki sòti nan jounal ofisyèl peyi a  » Le Moniteur » ki te sòti nan dat lendi sèt (7) jen 2021 an, prezidan repiblik la Jovenel Moïse, nonmen Jemley Marc Jean Baptiste kòm direktè jeneral pou yon ti bout tan ofis nasyonal asirans vyeyès (ONA).

Nou ap siyale, Jemley Marc Jean Baptiste ranplase ansyen direktè jeneral Chesnel Pierre, ki te mouri samdi venn de (22) me 2021 an ak maladi kowonaviris la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …