AYITI/POLITIK: « IPPAC » KRITIKE CHWA MISYON OEA FÈ POU LI TOUJOU RANKONTRE PATI POLITIK TRADISYONÈL YO.

_Ansanm pati politik ki regwoupe yo anba inisyativ pati politik pou avansman ak chanjman « IPPAC », nan yon lèt ki rann piblik jounen mèkredi 9 jwen an, eksprime mekontantman yo parapò ak misyon OEA a ki chwazi chita sèlman ak pati politik tradisyonèl yo._

« Mesye anbasadè, li enpòtan pou nou atire atansyon manm ki fè pati misyon OEA a, chwa yo fè pou yo sèlman rankontre lidè pati politik tradisyonèl yo an dezakò ak prensip « pluralisme politique » konstitisyon an garanti a », li nan lèt la.

Nan lèt sa, IPPAC pa nan kache men voye wòch. » Aktè politik sa yo vle se sèl yo menm ki pou negosye ; se sèl yo menm ki sovè peyi Dayiti », kontinye lèt la.

« Alòske, yo se moun ki toujou ap enstrimantalize vyolans nan lide pou pran pouvwa a. Dayè, sèl zam yo genyen pou yo pran pouvwa a se vyolans », daprè IPPAC.

Boutofen, IPPAC fè konnen li senbolize alafwa ripti avèk vye pratik antidemokratik sa yo e lespwa jèn ayisyen yo. » Nou mande pou nou enplike aktivman nan tout konsiltasyon ki vize yon solisyon dirab ak kriz la nan enterè byennèt kolektif la ».

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …