Òganizasyon rezo nasyonal kap defann dwa moun yo (RNDDH), nan yon rapò yo mete deyò fè konnen gen uit (8) polisye ki mouri ak nèf (9) pòs polisye atake pandan de (2) jou nan rejyon metwopolitèn la nan lannwit senk (5) jen 2021 an.
Direktè egzekitif RNDDH la, Pierre Esperance, ki fè konnen atak sa yo kite demare nan lannwit senk (5) jen 2021 an, nan komisarya Pòtay Sen Jozèf la, kote bandi yo touye twa (3) polisye epi boule kadav yo daprè enfòmasyon yo.
N ap siyale, akoz batay gwoup gang yo nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, lakoz plizyè abitan kite katye lakay yo al refije yo nan lòt zòn pou sove anba bal bandi.
Dieuva Occidor