Alexandre Pierre Paul tout moun konnen sou non « Kanal divan » tonbe anba bal moun yo pa rive idantifye apremidi 10 jen 2021 nan lokalite « Bwa deyò » kote li tap viv selon enfòmasyon nou rive jwenn.
« Kanal divan » se youn nan atizan mouvman 2004 yo nan vil Gonayiv pou te fòse ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide kite pouvwa a. Dènye fwa Kanal Divan te fè aktyakite se lè chèf bandi vilaj de Dye a Anel Joseph te rantre Latibonit, li te pran zam ak kèk lòt gwoup ki te gen nan tèt yo Ti sourit, Ti Mepri pou site sa yo, se yo ki ta pral rive bay Anel Joseph yon bal ki ta pral pouse lapolis mete li anba kòd.
Apre nouvèl lanmò Kanal Divan, patizan li yo te bloke pon Goden ki mennen Gonayiv la pou manifeste kòlè yo.