DEKLARASYON LÉON CHARLES YO MOUTRE LI ECHWE »DAPRÈ ANSYEN SENATÈ KELY C BASTIEN.

_Kely C Bastien, ansyen senatè depatman Nò a, kritike jounen vandredi 11 Jen an sou kont twitè li dènye entèvansyon direktè jeneral Lapolis la, Léon Charles te fè nan laprès sou koze ensekirite anndan peyi a ki pa sispann simen dèy ak latwoublay_ .

Rejyon metwopolitèn nan, dènye jou sa yo, vini tankou espas nèg ak zam achte lajan kontan. Nan pi piti pase ui (8 )jou, sitou nan rantre sid kapital la, nan nivo Matisan batay gang ak gang lakoz yo pakèt fanmi kouri kite kay yo. Léon Charles, parapò ak vag vyolans sa yo mande popilasyon an pou revolte kont vyolans k ap fèt nan peyi a. Yon entèvansyon ki pa fè Kely C Bastien plezi. » Deklarasyon Léon Charles yo moutre li dakò li echwe, li dakò li enkopetan », selon Kely C Bastien.

Ansyen manm sektè demokratik ak popilè a, Kely C Bastien entèprete pawòl Léon Charles la tankou yon moun ki remèt demisyon li men pa fòmèlman. » Li tou di li demisyone », daprè Kely C Bastien.

Yon lòt kote, Kely C Bastien mande pou gen esplikasyon ki bay pou san ki koule pou granmesi nan peyi a. » Fòk gen esplikasyon ki bay pou tout san sa yo ki koule pou granmesi a », egzije Kely C Bastien.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …