AYITI/NÒT: JOUNEN NASYONAL TIMOUN, FONDASYON « ZANMI TIMOUN » MANDE OTORITE YO POU PRAN BON JAN MEZI POU TIMOUN YO KAPAB JWI DWA YO.

_Nan okazyon jounen nasyonal timoun samdi 12 ak dimanch 13 Jen 2021 an, fondasyon « zanmi Timoun » envite popilasyon an, notamman otorite ki nan Leta yo pou pran bon jan mezi pou timoun yo kapab jwi dwa timoun yo kòmsadwa. Fondasyon an fè rekòmandasyon sa nan yon nòt pou laprès li fè soti jounen vandredi 11 Jen 2021 an kote se Joseph Richard FORTUNE, responsab kominikasyon fondasyon »zanmi Timoun » ki siyen nòt pou laprès la._

« Samdi 12 ak dimanch 13 jen 2021 ap make jounen entènasyonal kont travay timoun ak jounen nasyonal timoun. Nan okazyon de(2) dat sa yo, fondasyon « zanmi Timoun » envite sosyete ayisyen an, patiklyèman otorite nan Leta yo pou reflechi sou sityasyon malouk anpil timoun ap viv nan peyi Dayiti a », ekri nan nòt la.

Fondasyon »zanmi Timoun » raple se depi nan lane 2002 òganizasyon entènasyonal travay (OIT en fransè) te chwazi kenbe dat 12 jen an kòm dat jounen entènasyonal kont travay timoun ki se yon move pratik. » OIT gen obligasyon pou elimine tout move fòm travay timoun ap fè », daprè nòt la. » Fondasyon zanmi Timoun vle raple tou pratik domestisite jivenil la pini nan lwa 2014 la ki entèdi ak elimine tout fòm vyolans, move tretman timoun ap sibi. Nan menm aspè pou dwa timoun yo respekte a, gen atik 32 konvansyon ki gen pou wè ak dwa timoun ki entèdi tout fòm eksplwatasyon sou timoun yo », daprè sa ki ekri nan nòt la.

Parapò ak tout pwen ki sot avanse la yo, fondasyon » zanmi Timoun » vle raple se yon obligasyon pou Leta pran bon jan mezi pou dwa timoun yo respekte nòmalman. » Se responsabilite Leta a pou l aji nan sousi pou li konbat tout vyolans domestik timoun yo ap sibi e an menm tan tou, Leta dwe pwoteje yo kont tout abi », egzije nòt pou laprès la.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …