KOUP DEWÒP 2021: CHRISTIAN ERIKSEN VIKTIM YON MALÈZ KADYAK NAN MATCH PEYI DANEMARK KONT FINLANDE

Nan okazyon match koup Dewòp Danemark kont ekip Finlande lan jounen samdi 12 jen an, milye teren danwa a, Christian Eriksen tonbe sou teren an san konesans, anvan mitan match la. Yon imaj tris, ki mete dlo nan je anpil fanatik ki enpasyan pou wè kijan eta sante ansyen jwè Tottenham nan ap evolye._

Match la te nan 43zyèm minit, nan moman Christian Eriksen t al fè yon touch epi li tonbe poukont li san pa gen pèsonn ki manyen l.

Koyekipye l yo fè yon sèk yo antoure li menm ak medsen yo pou evite rega piblik ak kamera yo, men malgre sa yo moun k ap obsève wè se masaj kadyak medsen yo ap fè pou jwè a sou teren an.

Christian Eriksen gen 29 lane, li se jwè ekip Inter Milan an.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:RMC SPORT

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …