AYITI /POLITIK:  » RANKONT MISYON OEA PAP KA REZOUD POU TOUTAN KRIZ LA NAN PEYI AYITI », DAPRÈ DEKLARASYON JULES ANDRE STERLIN.

Kòdonatè òganizasyon avansman Nip lan ( OAN) Jules Andre Sterlin, di li pa kwè rankont misyon òganizasyon Leta ameriken yo kapab rezoud kriz sosyal, ekonomik ak politik k ap sakaje bil peyi a depi byen lontan.

 » Mwen plis kwè, si aktè politik yo te chita dyaloge nou te kapab jwenn dirabilite nan solisyon ak kriz la, men misyon OEA ki vini nan peyi a ap rete kòm yon istwa nan tèt chak grenn misyonè sa yo pou di yo te di yo te vin nan peyi a », se deklarasyon Jules Andre Sterlin, ki ankouraje aktè yo pou rantre nan yon dyalòg ayisyen pou rezoud pwoblèm lan nan peyi a.

Kòdonatè òganizasyon avansman Nip lan, Jules Andre Sterlin, ki te fè deklarasyon sa yo nan moman li t ap patisipe selebrasyon fèt patwonal « Saint Antoine de Padou » nan komin tirivyè Nip.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …