LEMOND /JISTIS: PWOSÈ  » BIGMALION » ANSYEN PREZIDAN NICOLAS SARKOZY AP PREZANTE NAN TRIBINAL 

Ansyen prezidan Fransè Nicolas Sarkozy, ap prezante jounen madi kenz (15) jen 2021 an devan lajistis fransè nan kad pwosè « Bigmalion » an.

Ansyen prezidan fransè a, ap gen pou vin eksplike finansman ilegal kanpay elektoral prezidansyèl li nan lane 2012 nan pwojè » Bigmalion » an, ansyen chèf Leta fransè a ki te prezante depi ven (20) me pase a nan kad ouvèti pwosè  » Bigmalion » an ap pou yon lòt fwa nan kabinè Koreksyonèl jounen madi a nan inè trant (1h : 30) lè peyi Lafrans.

Nou ap raple, ansyen prezidan fransè Nicolas Sarkozy akize kòm moun kite depanse lajan san kontwòl, jwenn finansman ilegal nan kad kanpay prezidansyèl li nan lane 2012, nan pwojè « Bigmalion » an kote ankèt revele nan karant (40) « meetings » kite reyalize yo te redwi 80 % lajan kite dwe depanse ladan yo.

Dieuva Occidor

Kredi foto:net

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …