AYITI/KOWONAVIRIS: KOMIN OKAY NAN GWO DIFIKILTE AK KOWONAVIRIS LA.

Maladi kowonaviris la reprezante gwo danje nan komin Okay selon chif otorite yo nan ministè sante piblik yo kominike sou evolisyon maladi a nan komin sa.

Daprè dènye bilten ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP) mete deyò sou depatman Sid la, gen katreven kat (84) moun ki teste pozitif ak maladi kowonaviris la nan komin Okay sou 110 moun ki teste pozitif nan depatman Sid la, epi dis (10) moun deja fè vwèl ak maladi kowonaviris la.

Komin Okay, pou kounye a gen yon sant kote yo pran responsabilite moun ki gen maladi kowonaviris la ki operasyonel depi mèkredi pase a. Men, manm popilasyon an pa janm kwè maladi a egziste tout bon vre parapò ak konpòtman yo,  » yo pa itilize kachnen, yo pa itilize pwodwi dezenfektan, alkòl elatriye » selon deklarasyon abitan sa ki ap viv nan vil Okay, li pwofite denonse ensousyans otorite yo ki pa fè anyen pou fòse popilasyon an koube anba mezi sanitè yo.

Nou ap siyale, Depatman Sid ki gen relasyon ak plizyè lòt depatman nan peyi a tankou Grandans, Nip ak Lwès pou depatman sa yo transpò pasaje yo toujou ap fèt san kontwòl.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …